Nan yon kominike ki soti nan Biwo Kominikasyon Laprezidans nan dat 17 fevriye 2025, Konsèy Tranzisyon an enfòme popilasyon an yo anile Kanaval Nasyonal ane 2025 la ki te prevwa fèt nan Fò Libète.
Kominike a fè konnen yo pran desizyon sa a akoz sitiyasyon sekirite a, kote y ap plede fè gwo atak sou sitwayen yo, ki vin deteryore nèt.
Konsèy Tranzisyon an deklare li rale kreyon l li make tout pawòl k ap pale nan medya yo ak nan fowòm sitwayen yo ki mande pou yo anile kanaval la. Men yo toujou pèmèt òganizasyon kanaval rejyonal daprè tradisyon popilè ayisyen an.
N ap souliye tèm yo te kenbe pou Kanaval Nasyonal la ane sa a se te «Ayiti debou». Men sanble otorite yo reyalize Ayiti ajenou fin kokobe anba ensekirite ak kriminalite san non, yo tire konklizyon se pa moman pou moun al yaya nan kanaval, pandan pifò popilasyon an dlo nan je pou san pitit li k ap koule san gade dèyè.
