Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te fè yon vizit jodi jedi 12 desanm 2024 la nan baz polisye Kenya ki fè pati Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a. Vizit sa a te reyalize nan okazyon Jamhuri Day ki se anivèsè endepandans peyi Kenya.
Nan okazyon sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé transmèt felisitasyon li bay pèp ak gouvènman Kenya a nan kad Jounen sa a ki montre ni pèp ayisyen an ni pèp Kenya a mare ak menm kòd valè libète ak rezistans.
Premye Minis la pa te manke remèsye gouvènman Kenya a ak Prezidan William Ruto pou sa li rele lidèchip egzanplè nan Misyon miltinasyonal la.
Bò kote pa li, Konsèy Tranzisyon an salye Jamhuri Day la ki make 61èm anivèsè endepandans peyi Kenya. Konsèy la salye moun ki te goumen pou endepandans Kenya pandan li fè konnen yo dwe yo omaj sa a epi yo renmen jan Kenya onore memwa yo ak sakrifis yo, nan mache sou tras yo.

Kenya ap dirije yon misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti. Malgre prezans polisye sa yo, popilasyon ayisyèn nan pa sispann mouri anba bal bandi chak jou Bondye mete. Anpil anpil moun deplase nan peyi a, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ki prèske anba kontwòl bandi yo totalman. Malgre tout diskou pwopagann tout kalte, popilasyon an pa santi rezilta misyon sa a yo di k ap apiye sekirite nan peyi a.

