OPL rale kò li nan Kolektif 30 janvye pou alyans li ak gang

Nan yon avi pou piblik la nan dat 13 janvye 2025, Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL)  fè konnen li rale kò li nan Kolektif 30 janvye akoz alyans kolektif sa a ak gang ame yo.

Nan avi sa a, Komite Egzekitif Nasyonal Pwovizwa (CENP) Òganizasyon Pèp k ap Lite enfòme opinyon piblik nasyonal ak entènasyonal OPL ki se yon pati politik modèn voye jete byen lwen tout alyans ki pa kadre ak fòs fènwa yo ki panse se vyolans ak babari gang ki ame jouk nan dan ki kapab pèmèt yo konsève osinon fè dappiyanp sou dènye kakas pouvwa Leta a.

Nan sans sa a, OPL fè konnen li rale kò li nan Kolektif 30 janvye a ki lage tèt li nan lawont lè li mare sosis li ak kowalisyon gang kriminèl yo. Pou OPL, alyans sa a se yon kout ponya pou diyite ak lonè popilasyon ki viktim anba men kowalisyon kriminèl sa a.

Description de l'image