Alòske tout wikenn nan se gwo SOS k ap lanse pou divès kote nan zòn metwopolitèn nan tankou Taba, Fò Nasyonal, Solino, ak bandi ame yo ki vle fin pran kontwòl peyi a vil pa vil, zòn pa zòn, katye pa katye, kay pa kay, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li mennen operasyon nan site Doudoun nan Kwadèboukè kote li touye pou piti 10 bandi epi sezi yon fizi AK-47.
Lapolis poste yon videyo sou platfòm ofisyèl li yo kote li montre kèk sekans konsènan sezi fizi otomatik sa a ki rive fèt nan kad operasyon sa a Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO / Lwès 2) te mennen nan site Doudoun nan Kwadèboukè nan nuit samdi 19 pou louvri dimanch 20 oktòb 2024 la.

Yon lòt kote PNH la fè konnen nan yon entèvansyon Direksyon Depatmantal Polis Sidès atravè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (DDES/SDPJ) mennen nan depatman Sidès, yo arete yon manm gang dan fè ki rele Jerry Güer, samdi 19 oktòb 2024 la.
Lapolis fè konnen li t ap chèche Jerry Güer ki gen 30 lane kou chen fou pou plizyè chèf akizasyon k ap peze sou do li, tankou asosyasyon malfèktè, ansasinay, tantativ ansasinay, vòl ak zam, posesyon zam ilegal.
Lapolis fè konnen nan kad entèvansyon sa a, li sezi yon zam kreyòl ki kapab tire bal 9 mm. Kanta Jerry Güer ki blese nan janm pandan entèvansyon an, yo te transpòte li nan yon lopital Jakmèl kote l ap resevwa swen ka li nesesite.

