Onè respè pou Ekip Nasyonal Foutbòl Maskilen Ayiti a

Onè respè pou Ekip Nasyonal Foutbòl Maskilen Ayiti a ki rive nan papòt Mondyal 2026 la ! E malgre defèt Grenadye yo devan Ondiras lendi 13 oktòb 2025 sa a 0 gòl a 3, tout bagay pa fini. Espesyalis yo ap rale kreyon yo pou kalkile ki chans ki rete toujou pou Ayiti ta fini premye nan gwoup C a, pou li ta tou kalifye dirèkteman, oswa pou li ta fini dezyèm pou li ale nan baraj.

Epoutan, kèlkeswa rezilta final faz kalifikasyon yo pou Mondyal la, li klè Granadye yo rive fè yon bagay ki te sanble pa posib ankò an Ayiti. Yo rive pèmèt Ayisyen reve ankò. Nan espas yon wikenn, yo rive limen limyè lespwa nan kè pèp ayisyen ki jwenn yon rezon pou li souri nan mitan tribilasyon li yo. 

Granadye yo rive fè sa okenn dirijan, kit 9 prezidan KARiKOM yo ak tout premye minis yo ak gouvènman li pa rive fè pandan anviwon de zan, sètadi bay pèp la yon souri, ba li yon rezon pou li fyè, pou li espere.

Se Estrawòdinè mobilizasyon ki te genyen sou rezo sosyal yo pou match seleksyon nasyonal la lendi 13 oktòb sa a, lespwa a te vivan. Epoutan anpil Ayisyen ta dwe sonje gen zan depi foutbòl pa jwe nan peyi a, gen zan depi estad Sylvio Cator se kout bal k ap tire ladan li, seleksyon an oblije jwe tout match li yo deyò paske okenn kondisyon pa reyini pou peyi a resevwa match foutbòl.

Granadye yo pa janm sispann montre lanmou yo pou peyi a yo defann ak nanm yo. Malgre defèt madichon sa a, tout bagay pa fini. Nou p ap tenyen lespwa pèp la ki tèlman bezwen yon rezon pou li souri nan mitan traka. Annavan Mesye ! Granadye Alaso ! Travay la pa ko fini. Nou kapab. Annavan ! Granadye Alaso ! An n al dekwoche kalifikasyon nou pou pèp nou !

Pou tout sa nou fè, pou lajwa nou pote, pou lespwa nou kite vivan, onè respè pou nou ! Annavan ! Granadye Alaso !

Description de l'image