Daprè sa ABC news rapòte, jodi madi 12 novanm 2024 sa a, Ajans Federal Avyasyon (FAA) nan peyi Etazini entèdi tout avyon sivil ameriken pou yo vini an Ayiti pandan 30 jou.
Desizyon sa a vini apre ensidan ki rive lendi 11 novanm 2024 la kote yon avyon konpayi Spirit Airlines ki ta pral ateri nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture te oblije sispann aterisaj la pou li te mete kap sou Repiblik Dominikèn, apre li te resevwa plizyè bal akoz vyolans gang ame yo ki pase yon vitès siperyè nan kòmansman semèn sa a.
Ayiti ap viv yon sitiyasyon vyolans jeneralize depi kèk ane ki afekte tout sektè nan lavi nasyonal la. Otorite peyi yo pa montre yo gen kapasite ditou pou rezoud kriz ensekirite sa a, e yo pa menm rive pwoteje seri enstalasyon sansib tankou ayewopò, pò, lekòl, inivèsitè, lopital, eks. Epoutan yo chanpyon nan goumen pou pouvwa, men se pa pouvwa pou bay popilasyon an okenn satisfaksyon.

