Òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè an dèy

Òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè (MSF) ki angaje nan founi swen bay popilasyon ki nan tèt chaje tankou kote ki gen lagè oswa ki viktim katastwòf natirèl, li pèdi youn nan fondatè li yo, Doktè Louis Schittly ki desede mèkredi 1e janvye nan laj 86 zan.

Doktè Louis Schittly se yon Fransè ki fèt an Alzas ki te angaje nan Lakwa Wouj an 1968, apre li te fin etidye Medsin, nan lopital nan Sidès Nijerya, nan Byafra kote lagè t ap fè raj.

An 1970, lè li tounen an Frans, li ta pral kreye Gwoup Entèvansyon Mediko-Chijikal Dijans (GIMCU) ansanm ak zanmi li Bernard Kouchner. Se asosyasyon sa a ki t ap vin chanje non yon lane apre pou li tounen Medsen San Fwontyè.

Depi lè sa a, Doktè Louis Schittly pa te sispann vwayaje atravè lemonn kote ki frajil yo, osinon ki gen lagè tankou Kotdivwa, Vyetnam, Afganistan, Mali, Sèbi, Soudan, pou l ap pote èd bay popilasyon an soufrans yo.

Doktè Louis Schittly / © Yahoo.fr

An 1999, Doktè Louis Schittly ansanm ak Doktè Bernard Kouchner resevwa Pri Nobel Lapè pou Medsen San Fwontyè yo te fonde ansanm epi pou lavi yo yo te konsakre pou sove lavi anpil anpil moun nan lemonn.

Doktè Louis Schittly te reyalize yon fim dokimabtè ki rele D’Goda epi li te ekri plizyè liv kote li pale sitou sou eksperyans li nan Medsen San Fwontyè.

An Ayiti, òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè Doktè Louis Schittly ak Bernard Kouchner te kreye a pote yon èd ki pa gen pri bay popilasyon an, nan yon peyi avèk yon sistèm sante sou beki, kote vyolans ap fè lalwa. Malerezman MSF te anonse nan dat 20 novanm 2024 li te sispann tout aktivite li yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la akoz menas ki te soti alafwa bò kote gang yo epi Lapolis.

Desè Doktè Louis Schittly se yon gwo gwo pèt pou monn imanitè a, espesyalman Medsen San Fwontyè, se yon gwo gwo pèt pou limanite, sitou kominote ki pi frajil yo.

Description de l'image