Fyète Kreyòl Enfo ap pibliye yon nòt piblik Pati Politik Tande Lakay sou sitiyasyon sosyopolitik peyi a ap travèse nan moman sa yo. Li envite nou li nòt sa a.
Pati Politik Tande Lakay (PPTL) ap adrese li ak tout pitit peyi a, tout frè ak sè nou yo ki kontinye soufri anba dominasyon ak zak malveyan. Nou kwè nan yon demen kote chak Ayisyen ka viv anpè ak diyite, san menas ni presyon.
Jodi a, nou konstate presyon, menas ak enjerans gwo palto etranje nan zafè peyi nou. Sepandan, nou wè yon okazyon san parèy pou tout fòs viv peyi a mete tèt yo ansanm pou sove LAKAY. Pou sa rive fèt, fòk pèp la kanpe djougan pou l defann enterè l anba grif malfini san fwa ni lwa yo.
PPTL pran nòt desizyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki nome Doktè Garry Conille kòm Premye Minis san respè pou lalwa. Nou konseye Premye Minis la pou li aji prese prese pou lavi reprann nan tout peyi a, mete lapè ak sekirite, epi fòme yon gouvènman ki enkli tout sektè pou tout moun santi yo reprezante. Pèp Ayisyen an pa ka tann ankò; gen moun k ap mouri grangou, gen lòt ki oblije dòmi nan lari. Nou mande tout frè ak sè nou yo rete vijilan, pa dekouraje, kontinye lite ak tout kè nou pou yon demen miyò.
PPTL p ap neglije denonse tout zak ki pa kadre ak lalwa. Nou ankouraje tout moun sispann voye toya pou detwi karaktè ak lavi sosyal youn lòt. An nou konstwi bon jan pwojè kolektif epi batay nan respè nòm yo. Se sèlman nan inite ak respè youn pou lòt nou ka bati yon Ayiti pwospè ak jistis sosyal.
Se ansanm, ak lespri solidarite, nou ka chanje reyalite peyi a pou yon avni ki pi bèl, kote chak pitit peyi a ka santi li byen. An nou travay pou yon Ayiti nou tout ka fyè de li.
