Otorite Legliz katolik yo nan peyi d Ayiti anonse Pap François nome 2 nouvo Evèk oksilyè nan Achidyosèz Pòtoprens vandredi 31 me 2024 la.
Nouvo Evèk oksilyè sa yo se Reveran Pè Jean-Pierre Sander Louis-Jean ki se Kire katedral Nòtredam Asonpsyon, ak Reveran Pè Wismick Jean Charles ki se Prezidan Komisyon Entènasyonal pou Pwoteksyon Minè yo nan konpayi Marie.
2 nouvo Evèk oksilyè sa yo vin ranfòse klèje Legliz katolik la nan yon moman kote pèp ayisyen an anba eprèv li pa te janm konnen avan nan istwa li.
Anpil moun ki te toujou wè nan legliz yon fòs moral panse se moman pou li ta kanpe pou defann pèp ayisyen an ki pa konnen ki sen pou li rele pou sa l ap pase anba men malveyan.
