Noam Chomsky byen

KF: Getty images (vya biography.com)

Anpil rimè t ap sikile sou entènèt la ki ta fè kwè selèb lengwis ak entèlektyèl ameriken Noam Chomsky ta fè dènye vwayaj la. Daprè sa BFMTV rapòte, Noam Chomsky byen, rimè yo fo.

Pwòch entèlektyèl ameriken an demanti rimè sa yo ki t ap sikile sou entènèt la. Lopital la fè konnen li soti lopital Sao Paulo kote li te ye a epi l ap kontinye tretman li lakay.

Beneficēncia Portuguesa Sao Paulo endike nan yon bilten medikal yo transmèt bay AFP, pasyan Avran Noam Chomsky kite lopital la pou li al kontinye tretman li lakay.

Madanm entèlektyèl 95 an reponn yon mesaj AFP pou li di : «Se fo, li byen.»

Yo konsidere Noam Chomsky kòm fondatè lengwistik modèn nan. Nan liv li ki rele Syntactic Structures (1957), li esplike langaj la se yon kapasite nou fèt avèk li, epi gen yon seri règ inivèsèl (Gramè jenerativ) ki tou enskri nan sèvo nou.

Description de l'image