Nèg ak zam yo atake lokal Lise Pétion

KF: Wikipédia /Lise Pétion

Lokal Lise Alexandre Pétion  ki sitiye sou Bèlè sibi atak nèg ak zam yo jou samdi 1e jen 2024 la.

Selon yon nòt ki rive jwenn redaksyon Fyète Kreyòl Enfo, Direktè Lise a, Mesye  Carriey Dérival, enfòme pwofesè yo kloti enstitisyon an demoli san li pa founi plis detay.

Li fè konnen Direksyon Depatmantal Edikasyon Lwès enfòme sou sitiyasyon an, annatandan plis enfòmasyon avèk yon rapò detaye.

Nan kèk foto k ap sikile, nou kapab wè yon seri bèl machin ki kraze. Machin sa yo se ta machin moun ta mete andedan lakou Lise a paske yo te panse yo t ap an sekirite.

Lise Alexandre Pétion se premye lise peyi a. Se Prezidan Alexandre Pétion ki te fonde li an 1816. Li genyen yon batiman ki te konstwi sou gouvènman Jean Claude Duvalier. Apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, gouvènman Martelly a te rekonstwi li sou menm modèl premye batiman an.

Anpil nan gwo dirijan peyi a, se Lise Alexandre Pétion yo te pase.

Akoz vyolans gang yo nan kapital la, se nan yon lòt lokal Lise a te travay annatandan paske yo pa ka pwoche pre lokal Bèlè a.

Description de l'image