Nan peyi Espay, yon gwoup mè anonse yo kite legliz katolik

Selon sa plizyè medya rapòte, yon kominote mè Sent Klè nan peyi Espay anonse yo kite legliz katolik pou yo pase anba otorite yon fo evèk Pap la ki se chèf legliz katolik la pa rekonèt, epitou yo te koupe kominyon fo evèk sa a tou.

Evèk Bougòs la konfime se vre youn nan sè yo te di li : Wi se vre, nou kite legliz katolik epi kounye a nou anba jiridiksyon Pablo de Rojas.

Pablo de Rojas la se yon moun yo te koupe kominyon li. Li prezante tèt li tankou yon evèk epi li abiye ak rad evèk. Mè yo menm fè soti yon kominike men longè kote yo denonse tout Pap yo depi Pie XII ki te Pap soti 1939 rive 1958.

Mè siperyè a pibliye yon videyo pou li fè konnen yo byen epi li mande pou tout moun pasyan paske yo pral esplike sa yo dekouvri.

Men ta sanble tout pwoblèm sa yo, se ta fache mè yo ta fache paske otorite legliz yo pa te dakò pou yo achte yon nouvo kouvan.

Kominote Sent Klè yo te fonde an 1212. Se François d’Assise ki te mande Claire d’Assise pou te fòme lòd katolik feminen sa a.

Description de l'image