Mwens gòl epi 1e nil nan 3èm jou Ewo a

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA sou X

Jodi dimanch 16 jen sa a, Koup d Ewòp Nasyon yo t ap kontinye sou tèren Almay yo. Se gwoup C ak gwoup D ki t ap fè balon won an pale pawòl anba kout pye, kout tèt, bèl drib, eks. Kontrèman ak 2 premye jou yo, nou pa ka di gòl te tonbe kou grenn lapli. Defans yo sanble deside fè yon pi bèl figi pou yo pa kite atakan yo grennen gòl vire tounen. Men kanmenm 6 gòl pou 3 match ki bay yon mwayèn 2 gòl pa match, se pa mal.

Jodi a tou, nou ta pral anrejistre 1e match nil nan Ewo a ant Esloveni ak Dànmak ki te fini 1 – 1. Alòske Dànmak te louvri eskò a nan 17èm minit gras ak C. Eriksen, Esloveni ta pral jwenn egalizasyon li nan 77èm minit avèk E. Janza. Apre sa malgre tout tantativ bò kote 2 ekip yo, eskò a pa t ap chanje jiskaske abit la te soufle match fini. Sa ki fè se premye match nil ki anrejistre nan Ewo 2024 la.

Pou lòt match yo, byen bonè maten an, Peyi Ba te bat Polòy ki t ap jwe san atakan vedèt li Robert Lewandowski akoz li blese. Match la te fini 2 – 1 nan avantaj Peyi Ba  Moun ki te make pou Peyi Ba se C. Gapko (29′) epi W. Werghorst (83′) epoutan se Polonè yo ki te make avan avèk A. Buksa (16′).

Anfen nan dènye match jounen an, Angletè domine Sèbi gras ak yon sèl gòl jwè vedèt Reyal Madrid la, jude Bellingham, make nan 13èm minit.

Kijan sitiyasyon an ye nan gwoup C ak D pou kounye a? Angletè okipe 1e plas gwoup C a avèk 3 pwen sou 3 devan Dànmak ak Esloveni ki genyen 1 pwen sou 3 yo chak, epi Sèbi dènye ak 0 pwen sou 3. Nan gwoup D a, Peyi Ba nan 1e plas ak 3 pwen sou 3 epi tout lòt ekip yo gen 0 pwen. Men se demen dezyèm match gwoup sa a ap jwe ant Lafrans ak Otrich.

Pwogram demen lendi 17 jen vini konsa :

Woumani – Ikrèn a 9 è AM

Bèljik – Eslovaki a midi

Otrich – Frans a 3 zè PM.

Description de l'image