Move tan nan Pòtoprens ak kèk lòt zòn nan peyi a

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Depi yè swa madi 21 me 2024 la, lapli pa sispann tonbe nan Pòtoprens, kapital peyi a, ak anpil lòt kote nan pwovens.

Daprè sa Inite Idwometewolojik Ayiti fè konnen, se yon kre an altitid k ap enfliyanse tan an nan kèk rejyon grann zantiy yo. Konsa yo prevwa gwo van ak loraj, rafal van sou peyi d Ayiti pou mèkredi 22 ak jedi 23 me.

Yo fè konprann gwo lapli ki kapab tonbe yo kapab pwovoke inondasyon ak deboulonnay tè, patikilyèman pou Grandans, Sid, Sidès, Nip ak Lwès.

Nan sans sa a, pwoteksyon sivil mande popilasyon ki rete nan zòn ki konn inonde yo pou yo pran anpil prekosyon.

Description de l'image