Nan final Mondyal FIFA Foutsal nan peyi Ouzbekistan jodi dimanch 6 oktòb 2024 la ant Brezil ak Ajantin, seleksyon jòn e vè a montre yon lòt fwa depi se balon won, kit li jwe ak 11 jwè osinon ak 5 jwè, kit li jwe sou gazon osinon nan sal, se li kòmande. Nan final sa a, Brezil mete do Ajantin atè 2 a 1 pou li kapab ranpòte twofe a.
Seleçao a te mete tèt li an sekirite depi nan premye mitan fas ak yon Albiceleste konpetitif lè li t ap mennen 2 gòl a 0 sou li. Kòm Brezil se youn nan ekip tout moun te pè nan konpetisyon an, a 2 a 0, yo te ka panse match te fini, Ajantin te mèt ranmase afè li l al lakay li. Men Ajanten yo te deside mouri zam alamen. Sitou yo pa yon ti pousen tou. Se 3èm final youn dèyè lòt yo t ap fè, epi sitou yo te rive nan final sa a san yo pa pèdi yon match, menm jan ak Brezil. Se konsa yo t ap pral goumen jiskaske yo te rive redui eskò a nan fen match la, nan 39èm minit, menm si li te gentan twò ta pou yo te egalize.

Avèk viktwa sa a, Brezil ranfòse dominasyon li nan espò sa a kote li vini chanpyon 6 fwa sou 10 edisyon ki òganize (1989, 1992, 1996, 2008, 2012 ak 2024). Sa ap pran tan pou yon lòt nasyon egale rekò sa a, sitou Brezil li menm pa deside pran poz, l ap kontinye mache chèche tit nan lòt edisyon ki pral òganize ankò.
Nan ti final la li menm, Ikrèn vannen Lafrans 7 a 1 pou li dekwoche meday bwonz la.
Si seleksyon foutbòl maskilen Brezil la ap pase yon move pas depi kèk ane avèk rezilta yo ki pa reponn, nan Foutsal la, Brezil monte twòn li l ap domine lemonn. Epi l ap domine li pou lontan ankò, annatandan foutbòl la rekòmanse fè viktwa, ranpòte tit, pou pi gran plezi fanatik jòn e vè yo.

