Mondyal FIFA U-17 : Ayiti tonbe fò devan Ejip

Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen U-17 Ayiti a rantre nan bal Mondyal FIFA U-17 la nan peyi Kata madi 4 novanm 2025 sa a. Malerezman, ti Grenadye yo tonbe fò devan advèsè yo nan poul E a pou jounen an, Ejip, anba yon eskò 1 – 4.

Ti Grenadye yo pa te byen rantre nan match la ditou piske depi nan 12 minit premye mitan an, Ejip te gentan ap mennen 2 – 0, gras ak yon gòl Belal Attia depi nan 3èm minit ak yon lòt gòl A. Elzoghby nan 11èm minit.

Men Mesye Eddy César yo ta pral reprann espwa kèk minit apre gras ak N. O. Pierre ki te redui eskò a nan 20èm minit. A 2 – 1, Ti Granadye yo t ap pouse pou egalize, sa ki ta pral kreye tou vid nan defans seleksyon ayisyèn nan. Se konsa Ejip ta pral make yon 3èm gòl avèk Hamza Abdel Karim (27′) ki te redui espwa Ayisyen yo anpil pou yo ta egalize.

Malgre sa, ekip ayisyèn nan pa te dekouraje men tout jefò jwè yo t ap fè pa te pote fwi pou yo te rive mete balon an nan filè Ejip kote gadyen li te sove plizyè fwa avèk kèk bèl parad devan firè atakan ayisyen yo. Si mitan an te fini 3 – 1 nan avantaj Ejip, malerezman se Ti Farawon yo ki ta pral make yon 4èm gòl nan dezyèm mitan an avèk O. O. Kamal nan 72èm minit.

Avèk defèt sa a, tout bagay pa ko fini pou Grenadye yo men yo pral bezwen fè plis jefò toujou devan Angletè vandredi 7 epi devan Venezyela lendi 11 novanm nan si yo vle kalifye pou dezyèm tou konpetisyon an.

Sa ki sèten, ti mesye yo montre yo ka woule balon. Grenadye ! Alaso !

Description de l'image
Kite yon kòmantè