MKFDF endiye pou vyòl yon jenn fi nan Komisarya Senmak anba men yon polisye

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF) fè konnen li endiye anpil pou vyòl yon jenn fi 16 lane sibi pandan li te nan gadavi nan Komisarya Senmak, anba men yon polisye yo rele Sévère Aly.

Ministè a di li kondane zak sa a ki depase grav ak tout fòs li, sitou se yon fonksyonè piblik ki gen misyon pou li pwoteje ak sèvi ki komèt li.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm mande otorite konpetan yo, sitou Lapolis ak lajistis, pou yo pran tout mezi administratif ak jidisyè prese prese pou yo kapab pini vyolè a kòrèkteman jan dekrè 6 jiyè 2005 sou agresyon seksyèl yo mande sa.

MKFDF fè konnen li pa kapab tolere mòd ajisman sa yo. Se sa ki fè li mande tout enstitisyon ak òganizasyon pou yo mobilize pou viktim nan ka jwenn jistis daprè lalwa peyi a.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm pwofite reyafime detèminasyon li yon lòt fwa pou li pousuiv lit kont tout fòm vyolans y ap fè sou fanm ak ti fi, pou nou kapab rive konstwi yon sosyete ki vrèman chita sou lajistis, kote dwa fanm yo ap respekte tout bon.

Description de l'image
Kite yon kòmantè