Misyon miltinasyonal : Yon kontenjan 70 sòlda Salvadò debake nan Ayewopò Pòtoprens

Nan kad Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, yon kontenjan 70 sòlda peyi Salvadò debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture madi 4 fevriye 2024 la.

Jan sa toujou fèt, yon seremoni akèy te òganize pou swete sòlda salvadoryen sa yo byenvini sou bout tè Papa Dessalines nan. Anpil gwo otorite nasyonal ak diplomatik te prezan pou akeyi sòlda etranje yo. Te genyen Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire, Anbasadè peyi Lafrans an Ayiti a, Mesye Antoine Michon, Anbasadè peyi Kanada an Ayiti a, Mesye Jean François Giroux, Kòmandan Misyon miltinasyonal la, Enspektè Jeneral Godfrey Otunge, Kòmandan an Chèf PNH la, Mesye Rameau Normil, ak tout Wo Kòmandan enstitisyon polisyè a.

Yo di misyon miltinasyonal sa a vin ede Lapolis Nasyonal d Ayiti konbat ensekirite k ap ravaje peyi a. Men chak fwa yon nouvo kontenjan debake, apre bèl akèy, bèl foto, pèsonn pa tande pale de yo ankò. Pandan tan sa a, popilasyon an kontinye pote kwa mati li anba men gang ame yo k ap fè li monte lesyèl pa do.

Antouka menm madi 4 fevriye sa a, nouvèl administrasyon ameriken an fè Nasyonzini konnen pou moman sa yo li p ap bay yon goud lesko pou misyon miltinasyonal an Ayiti a ankò. Se sa Pòtpawòl Nasyonzini an, Stéphane Dujarric, fè konnen lè li deklare : «Nou resevwa yon notifikasyon ofisyèl Etazini ki fè konnen yo sispann imedyatman kontribisyon finansyè yo nan fòs miltinasyonal la.»

Description de l'image