Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, ansanm ak fòs nasyonal yo, pa sispann fè bèk atè devan gang ame yo ki soti pou pran kontwòl tout peyi a nan men otorite Leta yo. Gang yo pa sispann pyafe pou viktwa yo ranpòte sou fòs lòd yo chak fwa yo kwaze, kòmsi se yo ki pi byen konn taktik ak estrateji goumen, se yo menm ki pi byen ekipe, se yo menm ki gen pi bon ransèyman.
Konsa madi 25 mas 2025 la, gang ame nan Savyen rive pike dife nan twa cha blennde fòs lòd epi voye yon sòlda kenyan ki fè pati fòs miltinasyonal la al bwa chat.
Pandan tan sa a, nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la se rèl. Moun ap kouri, moun ap mouri, lekòl, inivèsite ak majorite enstitisyon piblik tankou prive nan Pòtoprens pa kapab fonksyone. Leta, atravè Lapolis Nasyonal d Ayiti ak Fòs Lame d Ayiti, ki gen sipò fòs miltinasyonal la, kontinye ap voye kout manchèt nan dlo nan goumen kont ensekirite a. Gang yo montre kapasite yo chak jou pi plis pou mete Leta ajenou.
Devan lapenn sa a, Konsèy Tranzisyon ki nan tèt peyi a pibliye yon kominike nan dat 25 mas 2025 pou li eksprime regrè li pou lanmò sòlda kenyan an.
Konsèy la voye kondoleyans sensè li bay gouvènman ak pèp kenyan an ansanm ak fanmi sòlda ki tonbe a pandan l ap akonpli misyon li. Li fè konnen sòlda gason kanson sa a ki t ap batay bò kote fòs Ayiti pou konbat ensekirite, li fè dènye sakrifis la pou Ayiti kapab genyen yon pi bon denmen, pandan li deklare yo p ap janm bliye angajman li ak jan li te yon sòlda brave danje.
Epi Konsèy Tranzisyon an sèmante swasant disèt fwa sèt fwa li detèmine pou derasinen tout fòm kriminalite ki kontinye ap simen latwoublay nan peyi a. Li fè konnen moun ki responsab krim baba sa a, swa se kriminèl ak zam osinon konplis yo, y ap trennen yo devan lajistis pou y al esplike sa ki ba yo dwa ap komèt zak sa yo. Konsèy la deklare yo p ap nan kase fèy kouvri sa pou pèsonn.
