Misyon Inyon Evanjelik Batis d Ayiti òganize yon seremoni òdinasyon pou 8 nouvo pastè jou dimanch 19 me 2024 la nan Legliz Batis Vilaj AFCA nan Dèlma 33.
Tout otorite nan misyon an ki te reyini komite egzekitif la, komite rejyonal Lwès la, ak komite rejyonal Ba Atibonit la, yo te reyini nan Legliz Batis Vilaj AFCA a pou seremoni solanèl espesyal sa a.
Pastè ki te òdone yo t ap travay deja nan misyon an kòm pastè asistan. Epi selon règleman misyon an pastè Fanier Justima ki se Kowòdonatè tout legliz misyon an ak ministè edikasyon kretyèn yo te li pou asistans la, avan pou yon moun òdone kòm pastè nan misyon Inyon Evanjelik Batis d Ayiti, fòk li ranpli plizyè kondisyon, pami yo fòk li kapab pwouve li gen diplòm nan teyoloji.
Men si tout 8 Asistan Pastè sa yo te prezan nan seremoni an pou resevwa òdinasyon yo, se paske yo te deja ranpli kondisyon yo epi komite evalyasyon an te apwouve yo. Apre plizyè pèsonalite, pami yo Doktè Vézel Philistin ki se Manm komite rejyonal Lwès la epi Pastè Legliz Batis Ti Plas Kazo, te pase dèyè chè a pou prezante chak kandida, se ta pral mesaj pou sikonstans la.
Mesaje a se te Doktè Jean Edner Jeanty Junior, pastè Legliz Bere. Li te preche nan lang tout asistans la te kapab konprann trè byen, sa vle di nan lang kreyòl ayisyen an.
Toudabò li te kòmanse souliye pastè se yon tit onorab, se pa yon tit ki mache ak ògèy ni awogans, apre pou li te devlope 3 gran wòl pastè a genyen kòm bèje. Sou modèl sòm 23, li te montre 3 gran wòl sa yo se : Premyèman pastè a founi pwovizyon, sètadi bèje a pran swen mouton yo, dezyèmman pastè a bay direksyon, epi twazyèmman pastè a bay pwoteksyon.
Nouvo pastè yo ki òdone yo se :
– Pastè Daniel Genescar, Legliz Batis Vilaj AFCA
– Pastè Josué Provence, Legliz Batis Espwa Ti Plas Kazo
– Pastè Elias Venel, Legliz Batis Elim Fontamara
– Pastè Jean Marcnel Placide, Legliz Batis Elim Fontamara
– Pastè Alexandre Duré, Legliz Evanjelik Bâtis Matino / Benè
– Pastè Hermann Pierre, Legliz Evanjelik Bâtis Savann Wòch / Latibonit
– Pastè Elunès Élysée, Legliz Evanjelik Batis Machan Desalin
– Pastè Ansly Fleurant, Legliz Evanjelik Bâtis Ti Rivyè Latibonit
Tout Pastè sa yo pral ogmante kantite ouvriye k ap travay nan tout legliz misyon Inyon Evanjelik Batis d Ayiti.
Misyon Inyon Evanjelik Batis d Ayiti se yon misyon pwotestan ki soti nan travay yon pastè anglè yo te rele Alfred Pearce ki te rive nan Nò peyi a nan lane 1925. Apati ane 1943, yon misyon amerikèn t ap devlope nan Nò peyi a rive jous Pòtoprens. Se an 1976 misyon sa a te vin fè yon sèl avèk Inyon Evanjelik Batis d Ayiti.
