Ministè Komès ap akeyi yon nouvo gwoup Pwogram pou Apiye Antrenarya Jèn yo

Minis James Monazard

Ministè Komès ak Endistri (MCI) enfòme popilasyon an an jeneral ak moun ki enterese yo an patikilye kad pou Pwogram pou Apiye Antrenarya Jèn yo (PAPEJ) deja disponib pou akeyi yon nouvo gwoup antreprenè.

Nan sans sa a, moun ki vle fè pati nouvo gwoup sa a dwe soumèt dosye yo avan 31 janvye 2025 nan adrès [email protected].

Men kondisyon pou kandida yo respekte :

1. Lide orijinal

2. Moun k ap sipòtè osinon ki mèt antrepriz la dwe motive

3. Laj pi piti pase 40 an

4. Kapasite antrepriz la pou kreye travay

5. Kantite lajan moun nan bezwen pou envesti a varye ant 50 000 à 2 000 000 Goud

6. Y ap bay antrepriz ki gen konsekans pozitif sou anviwònman an priyorite

Kandida ki seleksyone yo ap genyen pou yo resevwa yon fòmasyon sou antrenarya kòm yon akonpaymam an diplis.

MCI raple finansman PAPEJ la se pa yon sibvansyon, men se yon prè yo bay jèn antreprenè yo nan yon to enterè 3% a 5% nan yon tan ki pi piti pase 10 zan.

Yon lòt fwa ankò, Ministè Komès ak Endistri renouvle angajman li pou li kore jèn antreprenè yo pou li kapab rebay jèn yo lespwa epi remanbre ekonomi nasyonal la.

Nou kapab klike sou lyen sa a pou nou tekechaje fòmilè aplikasyon PAPEJ la.

https://mci.gouv.ht/post/le-programme-d-appui-l-entrepreneuriat-jeunesse-lance-une-nouvelle-cohorte

Description de l'image