Ministè Sante Piblik ak Popilasyon lanse alèt kont yon fo medikamsm

Nan yon nòt nan dat 11 fevriye 2025, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) avize piblik la an jeneral, ak pwofesyonèl lasante yo an patikilye genyen yon fo medikaman ki an sikilasyon nan peyi a kounye a ki pote fo etikèt «TETANUS ANΤΙΤΟΧΙΝ».

Fo medikaman sa a ki pote non «TETANUS ANTITOXIN 1500 UI, 1 ml ak 2 ml» parèt nan yon ti flakon transparan ki kouvri ak yon etikèt blan ak ekriti wouj. Bwat la ekri an anglè epi li endike yon nimewo lo E-634 yo pa kapab wè kote li soti an Ayiti. Dat ekspirasyon li (06/2027) mansyone sou etikèt anpoul 1ml ak de 2 ml yo.

Ris sa poze, daprè MSPP, itilizasyon fo «Tetanus antitoxin 1500 UI, 1 ak 2 ml» pa trete pasyan an tout bon, epi li kapab genyen pi gwo konsekans sou sante li, li ka menm mete lavi li an danje.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, nan sousi pou pwoteje sante popilasyon an, mande tout moun kale je yo. Konsa li entèdi  fòmèlmam pou yo achte, distribye, vann epi itilize yon pwodui konsa sou tout tèritwa ayisyen an. MSPP mande tout pwofesyonèl lasante yo pou yo siyale tout pwoblèm ki gen rapò ak vijilans sou medikaman bay Direksyon sante nan jiridiksyon  pa yo, pou yo kapab fè sa ki nesesè.

Description de l'image