Se sou tèm «Toujou menm konba pou yon sosyete san fòs kote» Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm fete 30 an egzistans li jodi vandredi 8 novanm 2024 la nan Petyonvil.
Nan okazyon sa a plizyè pèsonalite te reponn prezan pou selebre ak Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, tankou Mesye Leslie Voltaire, Chèf Tranzisyon an, Premye Minis Garry Conille, plizyè Minis, an patikilye Madam Marie Françoise Suzan ki se Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti.

Se nan dat 9 novanm 1994 yon dekrè te kreye Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm. Depi dat sa a, Ministè a angaje li nan konba pou fè pwomosyon dwa fanm yo.
Nan okazyon selebrasyon sa a, Minis Marie Françoise Suzan fè konnen istwa Ministè a se yon istwa rezistans, yon istwa alyans ak solidarite ant fanm ak gason, paske defans dwa fanm yo pa konsène fanm yo sèlman, men sa konsène tout sosyete ayisyèn nan.

