Ministè Komès ak Endistri (MCI) mete disponib plizyè nimewo kote li mande pa ezite kontakte li pou pwodui ak sèvis konsomatè yo ta remake ki pa respekte lalwa oswa ki danje, nan sousi pou pwoteje konsomatè yo.
Ministè a fè konnen apèl yo gratis, sa ki ta vle di okenn moun p ap gen pou peye lè li rele Ministè a nan nimewo sa yo ki se : 106 / +509 31 05 80 06 / +509 31 05 80 07
N ap raple Ministè Komès ak Endistri te tanmen soti 9 pou rive 12 oktòb 2024 sa li rele yon kokenchenn operasyon enspeksyon nan makèt yo ak depo yo nan zòn metwopolitèn nan kote enspektè yo t ap kontwole plizyè aspè esansyèl tankou pri pwodui premye nesesite yo, kalite ak eta pwodui k ap vann yo, kondisyon yo estoke epi konsève pwodui alimantè yo, sitou pwodui ki konsève nan kondisyon frèt, etikèt pwodui yo, eks.

