Ministè Komès mande mèt ponp yo sispann pratik refize fich gaz yo

Minis James Monazard

Jan Primati te mande li rale zòrèy mèt ponp ki derefize aksepte fich gaz yo, Minis Komès ak Endistri a, Mesye James Monazard, ekri 3 lèt nan dat 17 janvye 2025 li voye bay mèt ponp yo pou mande yo sispann pratik sa a ki gaye tout kote lè moun k ap travay nan ponp yo derefize aksepte fich gaz ki valab, sa ki koze kliyan yo anpil tò.

Nan lèt sa yo ki al jwenn Mesye Jean Worlf Marcellus, Direktè Jeneral Diesel National Company (DNC), Mesye Wilclair Clerger, Reprezantan BANDARI S.A. ak Mesye Luc Maîche, Direktè Jeneral DINASA, Minis Komès ak Endistri a envite yo pran dispozisyon prese prese pou mete yon bout nan pratik moun k ap vann gaz pou yo nan ponp yo ki derefize sèvi kliyan ki prezante fich gaz valab yo deja peye pou yo.

Minis la souliye pratik sa a vyole dwa konsimatè yo pou yo jwenn byen ak sèvis yo deja peye pou yo, an menm tan li soulve kesyon konsènan garanti transparans ak senserite tranzaksyon komèsyal yo.

Anfen Minis la deklare li rete kwè yo pral aji san pèdi tan pou mete yon bout nan iregilarite sa a.

Description de l'image