Nan sousi pou pwoteje konsomatè yo, Ministè Komès ak Endistri anonse l ap ogmante jefò li pou kontwole mache a nan sa li rele yon kokenchenn operasyon enspeksyon k ap dewoule soti 9 pou bout 12 oktòb 2024. Kontwòl sa a, daprè sa Ministè a presize, konsène makèt yo, depo yo ki twouve yo nan kapital la ak komin ki viwonnen li yo, kote yo pral kontwole kòmsadwa anpil kalite pwodui.

Nan kad operasyon enspeksyon sa a, enspektè yo gen pou kontwole plizyè aspè esansyèl tankou pri pwodui premye nesesite yo, kalite ak eta pwodui k ap vann yo, kondisyon yo estoke epi konsève pwodui alimantè yo, sitou pwodui ki konsève nan kondisyon frèt, etikèt pwodui yo ak jan yo prezante konfòmeman ak règleman an vigè yo. Y ap kontwole bon fonksyònman enstalasyon biznis yo tou, pami yo ponp gazolin yo, pou yo sèten sa kliyan an achte a se sa yo ba li vre.

Ministè Komès ak Endistri fè konnen kanpay enspeksyon sa a enskri nan kad aksyon ki vize modènize epi ranfòse aktivite kontwòl yo, pandan li renouvle angajman li pou kontinye pwoteje konsomatè yo epi travay pou fè envestisè etranje vin fè biznis nan peyi a.

