Nan okazyon fèt fendane yo, Minis Komès ak Endistri a, Mesye James Monazard siyen yon pwotokòl akò avèk Rasanbleman Madan Sara yo (RAMSA), jodi samdi 28 desanm 2024 la.
Ministè Komès ak Endistri (MCI) fè konnen siyati akò sa a ki fèt nan lokal RAMSA a rantre nan kad sibvansyon gouvènman an bay pou li soutni ajan ekonomi nasyonal yo, espesyalman sa yo kriz n ap viv jodi a plis frape yo.
Pandan seremoni siyati akò a, anpil reprezantan Madan Sara yo te kapab pale sou sitiyasyon yo, sou pwoblèm yo, pandan yo espere Minis Komès la pral pote rèl yo bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.

Se nan sans sa a Kòdonatris RAMSA a, Jocelyne Jean Louis, te mande yon minit silans pou tout Ayisyen ak Ayisyèn, espesyalman Madan Sara yo, ki viktim ensekirite a. Madam Jocelyne Jean Louis pa te manke pa salye inisyativ gouvènman an pou li pote sipò bay Madan Sara yo. Li kwè Ayiti ap leve kanpe malgre sikonstans difisil yo.
Bò kote pa Minis James Monazard, pandan li rekonèt enpòtans Madan Sara yo nan ekonomi an, li fè konprann akò sa a se yon premye pa nan yon kolaborasyon ki pi enpòtan toujou ant gouvènman an ak RAMSA. Li te tou pwofite anonse gouvènman an ap travay san pran souf pou moun kapab sikile libelibè nan peyi a.

An tou se 8 milyon goud sibvansyon gouvènman an bay Madan Sara yo nan kad akò sa a ki siyen jodi samdi 28 desamm nan.
