Ministè Jistis ak Sekirite Piblik, nan yon kominike li pibliye nan dat 4 mas 2025, li fè konnen Minis Patrick Pélissier pran bon jan mezi pou pèmèt aparèy jidisyè a fonksyone pi byen, lè li egzije pou manm pèsonèl lajistis yo toujou prezan regilyèman kòmsadwa nan tout Tribinal Premye Enstans yo nan peyi a.
Nan sans sa a, Minis Patrick Pélissier voye yon sikilè bay tout Komisè Gouvènman nan tout 18 jiridiksyon bò kote Tribinal Premye Enstans yo kote li mande yo pou yo pase lòd pou sibstiti yo, grefye yo, komi pakè ak uisye odyandye yo, pou yo respekte kòrèkteman orè travay administrasyon piblik la jan sa dwe ye. Se yon desizyon ki pran pou pèmèt toujou gen pèsonèl lajistis yo ki disponib pou pèmèt sitwayen yo jwenn jistis pi byen.
Konsa, dwe genyen yon kaye prezans kote pèsonèl la ap siyen regilyèman. Sa ap pèmèt yo evalye pèfòmans yo epi pran desizyon administratif ki konsène yo. Yo dwe voye yon rapò prezans bay Ministè a chak mwa ansanm ak rapò sou aktivite pakè yo.
Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè konnen li detèmine pou li ranfòse disiplin ak efikasite nan aparèy jidisyè a pou yon jistis san fòs kote, k ap fonksyone epi k ap bay tout popilasyon ayisyèn nan sèvis.
