Ministè Jistis ak Sekirite Piblik reyaji sou pawòl mèsenè nan peyi a

Nan yon kominike ki pote dat 4 novanm 2024, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) eseye pote presizyon sou pawòl k ap pale depi kèk jou sou rezo sosyal yo ki ta fè kwè ta genyen yon gwoup mèsenè nan peyi a, san pèsonn pa ta konnen sa y ap regle.

Nan kominike sa a Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè konnen fas ak rimè k ap sikile sou rezo sosyal yo konsènan prezans manm Studebaker Group nan peyi a, Ministè a fè tout moun konnen gen yon pwogram fòmasyon ak antrènman ki vize pou ranfòse kapasite Lapolis la pou li pi byen sèvi ak pwoteje popilasyon ayisyèn nan.

MJSP esplike nan kominike a Studebaker Group se yon antrepriz sekirite miltinasyonal k ap bay yon fòmasyon taktik avanse pou polisye ayisyen yo, pou polisye sa yo kapab gen bon jan konpetans nan travay yo, jan règleman entènasyonal yo vle sa.

Ministè a fè konnen pi lwen patenarya sa a se sèlman konsèy ak antrènman li genyen ladan li, pou polisye yo kapab vin gen kapasite pou yo travay pou kò yo. Se Direksyon Jeneral PNH la k ap sipèvize pwogram sa a, daprè sa MJSP fè konnen, epi li rantre nan kad kolaborasyon pou rive retabli sekirite nan peyi a.

Pou fini, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè konnen inisyativ sa a montre volonte gouvènman an pou li sèten ajan fòs lòd yo pare pou rezoud pwoblèm ensekirite a an bon jan pwofesyonèl, pandan li deklare yon lòt fwa li detèmine pou garanti lapè ak sekirite nan tout peyi a.

Description de l'image