Ministè Jistis ak Sekirite Piblik kondane yon atak teworis kont 2 avyon

Nan yon kominike ki pote dat 11 novanm 2024 ak siyati Mèt Carlos Hercule, Minis demisyonè, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik  kondane ak tout fòs li atak ame ki te fèt lendi 11 novanm 2024 la kont de (2) avyon, pami yo youn t ap soti Pòtoprens epi lòt la t ap vini Pòtoprens.

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè konnen zak sa a se yon zak teworis ki te menase lavi konpatriyòt nou yo ak tout moun ki te nan avyon sa yo. Zak kriminèl sa a, ki antrene sispansyon vòl nasyonal ak entènasyonal yo  montre kijan vyolans ame a ogmante nan dènye jou yo nan peyi a, kote plizyè milye fanmi oblije abandone kay yo pou pwoteje tèt yo kont aksyon gang kriminèl yo.

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik mande fòs sekirite nasyonal yo pou yo pran dispozisyon pou retabli yon klima sekirite nan peyi a nan lide pou pèmèt aktivite yo rekòmanse, sitou nan kapital ayisyèn nan ak nan zòn ki viwonnen li yo.

Pou fini, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik fè konnen Komisè Gouvènman nan Tribinal Premye Enstans nan Kwadèboukè deja resevwa enstriksyon fòmèl pou mete aksyon piblik an mouvman kont tout otè zak teworis sa a, tout moun ki patisipe ladan li ak tout konplis yo, konfòmeman ak dispozisyon Dekrè ki revize sa 25 novanm 2020 an sou ranfòsman sekirite piblik.

Description de l'image