Ministè Defans fè konnen li pran plezi anonse vandredi 8 novanm sa a li lanse 1e konkou nasyonal tèks ak repòtaj ki louvri pou etidyan ak jounalis ki nan laj 18 rive 35 an. Konkou sa a mande patisipan yo pou y al chèche konnen epi pataje vizyon yo sou Fòs Lame d Ayiti.
Ministè a fè konnen enskripsyon yo deja kòmanse epi y ap bout 21 novanm 2024 la. Etidyan yo dwe depoze tèks yo dirèkteman nan biwo Ministè Defans la ki sou Channmas nan 5èm etaj bilding Ministè Komès ak Endistri. Jounalis yo yo menm ap bay lyen repòtaj yo a nan yon imel y ap voye bay [email protected].
Etidyan yo ap trete tèm sa a : «Wòl Fòs Lame d Ayiti nan konstriksyon yon pi bon peyi.» Jounalis yo yo menm ap trete tèm : «Fòs Lame d Ayiti : défi, espwa ak angajman patriyotik.» Y ap evalye travay yo daprè pètinans yo, orijinalite lide yo, klate ak kalite agiman yo, epi pou repòtaj yo, enpak enfòmasyon yo.
Pandan popilasyon an ap peri anba tout kalte kalamite, li enpòtan pou otorite yo fè yon bagay kanmenm pou montre yo la.

