Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma pèdi djòb li nan gouvènman an apre trajedi ki pase Lopital Jeneral jou madi 24 desamm nan kote bandi ame louvri kout zam epi touye de (2) jounalis ak yon polisye san konte plizyè lòt moun ki soti blese, pami yo 7 jounalis.
Nan yon arete ki pibliye nan yon nimewo espesyal Monitè, jounal ofisyèl Repiblik la, nan dat 26 desanm 2024 la, se Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Patrick Pélissier, ki vin ranplase Doktè Duckenson Lorthe Bléma nan tèt Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an pou yon ti bout tan.
N ap raple trajedi Lopital Jeneral la rive nan kad tantativ pou te relouvri Lopital sa a ki se pi gwo sant ospitalye peyi a, ki fèmen depi kòmansman ane 2024 la akoz vyolans gang ame yo.
Doktè Duckenson Lorthe Bléma te pwomèt li ta pral relouvri Lopital la kòm kado nwèl bay popilasyon an apre li te fin relouvri Lopital Matènite Isaïe Jeanty yo konnen sou non Lopital Chansrèl nan kòmansman mwa desanm nan.


