Nan yon nòt senpati nan memwa viktim Lopital Jeneral yo ki pote dat 25 desanm 2024, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, fè konnen li pa gen mo pou esprime tristès li apre trajedi Lopital Jeneral la. Minis Bléma deklare li kanpe bò kote viktim yo ak fanmi yo epi li pataje doulè yo, pandan li fè konnen pwovokasyon sa yo pa retire yon yota nan detèminasyon li pou kontinye travay pou amelyorasyon swen sante nan peyi a.
Men sa Minis Duckenson Lorthe Bléma ekri nan nòt la :
Pòtoprens, 25 desanm 2024
Moun mwen ye a, patriyòt mwen ye a, anplis minis sante a, pa gen mo pou eksplike tristès mwen aprè atak bandi san fwa ni Iwa fè sou pezib sitwayen ki te prezan pou fè travay yo nan moman seremoni ki te vize relouvri lopital inivèsite leta a nou tout konnen sou non lopital jeneral. Atak sa koute lavi konpatriyot nan medya ak sila ki nan lapolis la.
Nan sikonstans trajik sa mwen kanpe bò kote viktim yo ak fanmi viktim yo pou di yo mwen pataje doulè yo e mwen pran angajman pou m di yo pa pou kont yo. Fanm ak gason ki te avèk nou jou sa te la pou fè travay yo. Okenn nan yo pa merite sa ki rive a. Anyen pa ka jistifye agresyon ki fèt sou yo. Mwen vle bay ochan pou tout jounalis k ap goumen chak jou pou enfòme popilasyon an, yon fason pou kenbe flanbo demokrasi a limen nan peyi a. Mwen koube m byen ba devan polisye ki pa sispann riske lavi yo pou pwoteje chak grenn konpatriyòt nou yo.
Pwovokasyon sa yo pa retire yon yota sou detèminasyon m genyen pou m kontinye travay pou amelyore kondisyon swen sante k ap bay an Ayiti epi fè yo pi aksesib pou popilasyon an nan tout kwen nan peyi a.
Mwen ap raple vyolans pa gen plas li nan sosyete nou vle konstwi a. mwen mande otorite yo nan jistis la pou aji prese prese pou rann sila ki tonbe yo jistis. Zak vyolans san fwa ni Iwa sa p ap ka rete san konsekans.
Mwen mande popilasyon an kontinye fè m konfyans pou nou rive ansanm afwonte defi ki devan nou chak jou yo. Ansanm n ap bati yon sistèm sante ki pi solid, ki ki disponib pou nou tout san diskriminasyon.
Avèk tout solidarite m,
Duckenson Lorthe Blema
Minis Sante piblik ak Popilasyon


