Minis Augustin Antoine dispoze rankontre sendika anseyan yo

Minis Augustin Antoine

Nan yon lèt nan dat 10 janvye 2025 li voye bay Responsab Platfòm Sendika Anseyan Ayisyen yo (PSEH), Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Mesye Augustin Antoine reponn sendikalis yo epi li fè yo konnen li dispoze rankontre yo sou pwoblèm sistèm edikatif la nan peyi a.

Minis Augustin Antoine fè konnen li resevwa lèt platfòm nan te ekri li nan dat 19 novanm ak 10 desanm 2024 kote yo te prezante tèt chaje yo genyen sou sitiyasyon jeneral sektè edikatif la epi yo te mande yon rankont pou prepare negosyasyon ant Ministè a ak sektè edikatif òganize a.

Minis Antoine reponn pou li fè konnen li disponib pou angaje dyalòg sosyal pou mete tout kesyon ki gen move konsekans sou sistèm edikatif ayisyen an sou tab la, epi pou yo mete sistèm edikatif sa a nan sans estabilite ak devlopman dirab. Konsa, Minis la fè konnen se yon plezi pou li pou li envite platfòm nan rankontre li vandredi 17 janvye 2025, nan Biwo Enspeksyon Jeneral la nan Miso a 2 zè PM.

N ap souliye pwofesè lekòl piblik yo deklannche yon mouvman grèv san limit ki bloke lekòl piblik yo nan tout peyi a depi 6 janvye 2025 la pou mande satisfè diferan revandikasyon yo. Si platfòm sendika yo te ekri Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la depi nan dat 19 novanm ak 10 desanm 2024, se jis 10 janvye 2025, apre yon premye semèn blokaj lekòl yo Minis la reponn.

Description de l'image