Sena fransè a onore atis ayisyen Michael Benjamin, alyas Mikaben, 2 zan apre lanmò li lè yo remèt bay fanmi li Meday Sena Fransè a, jedi 30 me a.
Se nan prezans Anbasadè ayisyen an a Pari, Ekselans Josué Dahomey, Prezidan Sena fransè a, Mesye Gérard Larcher te remèt meday sa a bay manman ak papa Mikaben ki se Atis Lyonel Benjamin ak madanm li, Sikològ Roseline Benjamin.
Michael Benjamin se te yon atis mizisyen ayisyen polivalan, chantè, konpozitè, gitaris, pwodiktè, ki te fè prèv li nan plizyè estil mizik diferan.
Mikaben ta pral mouri pandan li t ap fè sa li te renmen an. Gwoup Carimi ki t ap fete retwouvay manm gwoup la apre yo te fin separe kèk tan avan sa te envite li vin fete ak yo. Apre li te fin mete anbyans nan Accor Arena a Pari, li te tonbe pandan li t ap kite sèn nan. Li te viktim yon arè kadyak ki pa te ba li chans. Sa te pase nan dat 15 oktòb 2022, li te genyen 41 an.
Meday Sena fransè a yo ba li apre lanmò li se yon bèl omaj ki rekonèt travay ak dimansyon atis estrawòdinè sa a Mikaben te ye.
