24 jen 1987 – 24 jen 2024, sa fè egzakteman 37 an depo yon zetwal te pran nesans. Lionel Andres Messi, Léo, youn nan moun ki fè limanite plis byen, ki mete plezi, lajwa, bonè nan kè anpil anpil milyon, milya kretyen vivan sou planèt tè a. Messi, pi gran majisyen balon won an lemonn te Janm konnen, chanpyon Kopa Amerika, 4 fwa chanpyon ligdèchanpyon, chanpyon dimonn, 8 balon dò, rekò sou rekò. Messi se pi gran foutbolè sou tè a.
Messi ! Messi ! Messi !
Yon jou, n a rakonte pitit pitit nou nou te viv nan menm jenerasyon ak Messi, nou te wè li k ap jwe ! Ala chans nou genyen !
Messi ritme ak pwezi. Messi se yon pwezi. Se domaj li deja gen 37 an ! Se domaj nou p ap ka wè li k ap jwe ankò pandan pwochen 37 an k ap vini yo. Annatandan, an nou pwofite chak pas, chak gòl, chak drib, chak koufran.
Messi se yon benediksyon !
Bòn fèt Lionel Messi !
