Messi lanse pwòp mak bwason pa li

Angela Weiss/AFP/Getty Images (vya CNN)

Lejann fouttbòl ajanten an, Lionel Messi ki pa janm sispann fè mèvèy sou teren foutbòl yo ak balon won an kote li pase, lanse mak bwason pa li ki pote non Mas + by Messi pou espòtif pwfesyonèl yo ak espòtif amatè yo.

Selon sa Ouest France rapòte, Messi esplike : Non sa a genyen yon siyifikasyon espesyal paske li reprezante karyè mwen ak lavi mwen, sètadi toujou eseye bay plis jous ou rive atenn sa ki enposib la, epi toujou rete pozitif

Bwason an ap soti ofisyèlman nan yon mwa men li deja kòmanse vann. Se avèk yon mak ilandè, Mark Antony Brands, ki espesyalize nan bwason alkolize nimewo 10 inter Miami an asosye pou kreye nouvo bwason sa a.

Se t ap enteresan si Messi ta reyisi nan biznis menm jan li reyisi nan foutbòl la

Description de l'image