Mèsi Élie Pierre !

© Doktè Frinel Joseph sou X

Nouvèl la siprann kominote a tankou yon kout zèklè : atis chantè Élie Pierre kite nou. Li desede nan Lopital Espoir nan Dèlma 75 madi 13 me 2025 la, a sèlman 54 an.

Nou pa te panse zanj te jalou nan pwen pou yo te deside yon bèl vwa konsa pa kapab rete ap chante pami mòtèl, se nan koral pa yo pou li ye.

Élie Pierre se te yon talan natirèl pi ki make sektè mizik evanjelik  la avèk yon vwa ou pa jwenn souvan, ki rezonnen nan nanm, ki remanbre kè ki bouke, ki simaye lespwa kote dekourajman blayi, pandan l ap fè lwanj pou Senyè a. Kit se nan Zetwal, Revelasyon, ak tout lòt atis ak gwoup mayestwo, konpozitè, aranjè, chantè Élie Pierre te kolabore ak yo, vwa li ap kontinye rezonnen nan nanm nou pou lontan.

San di pètèt, yon talan kòm Élie Pierre pa te kapab pa jwenn atirans pou al jwe nan djaz, pou al fè gwo lajan nan mizik lemonn, men li te prefere konsakre lavi li nan monn evanjelik la, ki petèt pa te kapab ofri li gwo konfò materyèl, men se te yon fason pou montre tou gwo gwo talan kapab rete andedan legliz pou bay Bondye glwa, pou geri nanm ki malad.

Pou karyè li nan mizik evanjelik la, nou kapab di : Mèsi Élie Pierre ! Mèsi Bondye pou yon talan konsa !

Si w al gwosi koral zanj yo kòm lidvokal, vwa ou p ap janm etenn nan nanm nou menm mòtèl isiba. Ou petèt ale twò bonè, men se te dezi ou pou Bondye te fè sa li vle nan kè ou. Tout glwa pou li.

Mèsi Élie Pierre !

Description de l'image