Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye yon kominike nan dat 23 me 2024, kote li wete chapo devan angajman manman yo nan edikasyon timoun peyi d Ayiti yo, an menm tan li salye kouraj manman anseyan yo epi di yo pran ti pasyans pou kat debi a.
MENFP souliye jan sa ye nan kalandriye ayisyen an, se dènye dimanch mwa me yo fete fèt manman. Nan okazyon sa a, Ministè a fè konnen li eksprime souwè rekonesans epi sensè li pou tout manman peyi d Ayiti ki pa janm febli nan angajman yo pou edikasyon pitit yo.
Ministè a fè remake kouraj fanm sa yo, sitou nan moman difisil sa yo, se yon egzanp tout sosyete a dwe kopye sou li. Se manman yo ki okipe tout bagay chak jou pou voye pitit yo lekòl, depi nan prepare iniföm jous nan valiz lekòl. Epi yo travay ak timoun yo lakay pou fè devwa yo. Lekòl nan peyi d Ayiti gen yon gwo dèt pou manman yo, daprè MENFP.
Yon lòt kote, MENFP voye yon gwo chaj souwè pou manman k ap travay kòm anseyan yo nan tout lekòl nan peyi a, ki toujou montre yo pi serye nan travay yo, yo gen plis lanmou, epi menm kote kondisyon yo difisil, yo kreye mwsyen pou timoun yo kapab aprann pi byen.
Ministè a fè konnen li te gen balèn nan men l li t ap lapriyè pou li te kapab mete lajwa nan kè mamman yo ak kat debi a avan fèt sa a. Li fè konnen sa p ap pran lontan pou kat sa disponib, lè li konsidere jan BNC avanse ak pwosesis la nan mete mekanis teknolojik ak sekirite an plas. Si yo wè yo pa ko jwenn kat la, se teste y ap teste li pou anpeche yo fè magouy avèk li.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ankouraje Direktè lekòl yo, pwofesè yo, elèv yo, pou yo toujou montre manman yo jan yo rekonesan, yo menm ki jwe yon wòl kòm potomitan edikasyon timoun yo, swa kòm manman osinon kòm anseyan.
Anfen Ministè a swete tout manman bòn fèt, pandan li swete pou angajman yo kontinye enspire jenès ayisyen an ak tout nasyon an.
