MENFP trase yon egzanp sou anplwaye k ap fè magouy pou lajan

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jodi 6 jen 2024 la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse li pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak kòripsyon pou manipilasyon nan zafè legalizasyon diplòm ak sètifika epi ranfòse dispozisyon kontwòl sou dosye sa yo, san li pa presize ki kantite anplwaye ki konsène yo.

Ministè a di l ap enfòme piblik la li pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak kòripsyon nan manipilasyon pou lajan dokiman pou legalizasyon tankou diplòm ak sètifika. Konsa, MENFP deside sispann anplwaye ki enplike nan move zak sa yo epi li pral fè suivi pou jwenn revokasyon yo.

Ministè a fè konnen li pran desizyon sa a apre rapò ki soti nan Direksyon Afè Jiridik (DAJ) ak plent izaje li te resevwa kont anplwaye sa yo, epi tou apre verifikasyon sou akizasyon zak kòripsyon sa a.

Suivan enstriksyon otorite Ministè Edikasyon Nasyonal, Enspeksyon Jeneral Edikasyon Ministè a pral founi je gade pou apwofondi ankèt la, ak kolaborasyon DAJ, pou idantifye tout lòt moun ki ta enplike nan move zak sa yo, pou yo ka jwenn sanksyon yo merite daprè lalwa ak règleman sou kesyon an, daprè sa kominike a di pi lwen.

MENFP tou pwofite raple piblik la, se sèlman yon resepise pou achte nan DGI pou chak dokiman y ap legalize anndan Ministè a. Okenn sitwayen pa dwe peye yon goud anplis pou sèvis sa a.

Toujou daprè sa kominike a presize, MENFP fè sonje li te deja pran plizyè mezi nan batay l ap mennen kont kòripsyon sou kesyon sa a tankou lè li te pran desizyon fèmen biwo Ministè a te genyen nan Babyòl, epi tout moun ka pran sètifika bakaloreya yo tou legalize, anliy, sou sit Ministè a. Anplis, Ministè a pa pran diplòm inivèsite pou legalize nan men yon moun. Se Inivèsite yo, yo menm ki dwe fè swivi direkteman avèk Ministè a atravè Direksyon Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik (DESRS) ak DAJ ki anchaj kesyon sa a.

Anfen, Ministè a envite tout moun pote plent kont moun k ap mande kòb pou bay sèvis aloske lalwa ak règleman yo pa mande sa. Konsa, nou ka rele nan Sant apèl Ministè a pou bay doleyans nan nimewo sa yo : + 509 31267519/+509 47204375.

MENFP kwè se men nan men n ap rive kaba kòripsyon nan sèvis piblik yo, daprè sa li di.

Description de l'image