MENFP repòte desizyon pou te gen 4 nouvo matyè nan egzamen 9èm AF ane sa a

Nan yon nòt ki pibliye jodi jedi 20 jen 2024 la ki pote siyati Minis Augustin Antoine, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) deside repòte desizyon ki te vle entegre 4 nouvo matyè nan egzamen 9èm AF yo ane sa a.

Nòt la fè presize :

Lè nou gade desizyon ministè a te pran nan dat 14 jen 2023 pou te revize matyè obligatwa ki pou te nan egzamen 9èm AF yo ;

Lè nou gade desizyon ministè a te pran nan dat 14 jen 2023 ki te prevwa entegre kat (4) nouvo matyè nan egzamen 9èm AF ane 2024 yo, matyè sa yo ki t ap Edikasyon nan Sitwayènte (EC), Edikasyon Estetik e Atistik (EEA), Edikasyon Fizik ak Espòtif (EPS), Edikasyon nan Teknoloji ak Aktivite Pwodiktif (ETAP) ;

Lè nou kondidere reta ki te genyen nan distribisyon modil yo ak gid pilotaj yo ;

Lè nou kondidere twoub san rete ki te genyen move konsekans sou pwosesis ansèyman – aprantisaj la nan tout peyi a pandan ane 2023 – 2024 la, ansanm ak kondisyon difisil lekòl yo t ap fonksyone, sa ki te vin agrave avèk zak vyolans yo ;

Lè nou kondidere se responsabilite MENFP pou li kontwole sistèm nan, pou li ofri sèvis kalite, epi sanksyone sik etid yo avèk evalyasyon aprantisaj yo ;

Lè li peze diferan korespondans (doleyans) Asosyasyon Direktè Lekòl ki mande pou yo repòtè mezi a, avèk rankont ak aktè sou tèren an, apre konsètasyon, yo deside :

Atik 1 : repòte entegrasyon kat (4) nouvo matyè nan egzamen 9èn AF yo pou ane 2024 – 2025 ;

Atik 2 : mobilize, depi ane nou ye la a fini, tout resous nesesè pou kòmanse pwosesis rekritman ak Fòmasyon anseyan pou kat (4) matyè sa yo.

Atik 3 : Desizyon ministè a pran la a valab depi li pibliye.

Description de l'image