MENFP pwononse li sou zak maspinay Pwofesè Okap la

Nan yon kominike pou laprès nan dat 19 me 2025, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pran pozisyon sou zak maspinay Pwofesè Williamson Saint-Fleur te sibi nan katedral Okap la nan okazyon selebresyon 222èm anivèsè bikolò ayisyen an. Ministè a mande pou yo respekte dwa pwofesè yo.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen l ap eksprime gwo endiyasyon li genyen devan ensidan ki pwodui nan katedral Nòtredam Okap la 18 me 2025, nan okazyon selebresyon fèt drapo a.

Ministè a souliye pandan seremoni sa a ki reprezante yon gwo senbòl pou pèp ayisyen an, yon ajan Lapolis Nasyonal d Ayiti te frape yon pwofesè, epoutan 16 me a, Ministè a li menm t ap onore pwofesè yo. MENFP deklare zak sa a se yon gwo kou non sèlman pou diyite pwofesè a, men tou pou tout pwofesè, ki se potomitan esansyèl edikasyon, sivis ak denmen peyi a.

Ministè a fè konnen li kondane konpòtman inakseptab sa a ak tout fòs li. Li presize se yon konpòtman pèsonn pa kapab aksepte, alewè pou yo ta tolere li nan yon Leta ki chita sou lalwa. MENFP mande otorite ki konpetan pou sa pou yo mennen yon ankèt prese prese epi pou yo pran mezi ki nesesè pou moun ki responsab yo al esplike dekiprevyen yo rive komèt zak sa a.

MENFP mande tout moun pou yo fè yon efò pou yo bay peyi a priyorite, nan yon moman kote lavi sosyete a ak lavi politik la frajil anpil. Li deklare li lè li tan pou tout pitit gason ak tout pitit fi peyi a mete tèt ansanm, pandan y ap montre youn respekte lòt, pou yo montre yo responsab epi solidè, pou pèmèt peyi a ki merite sa ki pi bon pase sa nou ofri li a soti nan bafon kote li ye a.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fini pou li raple tout pwofesè, san distenksyon, merite pou yo konsidere yo, pou yo pwoteje yo, pou yo onore yo, epi pou yo trete yo daprè gwosè responabilite yo genyen nan sosyete a, daprè jan sèvis y ap rann peyi a gen anpil enpòtans

Description de l'image