Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye yon kominike pou laprès nan dat 21 me 2025 kote li deside pwolonje delè enskripsyon pou kandida ki pral nan egzamen 9èm Ane Fondamental yo jiska 2 jen 2025. Ministè a pwofite mande tout Direktè lekòl, piblik kou prive, pou yo leve pye yo pou enskri kandida yo paske pwosesis la genyen pou li fèmen definitivman.
Men sa kominike a di :
Egzamen Leta 9èm AF: Yon lòt fwa ankò MENFP pwolonje pou rive 2 jen 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm ane fondamantal yo
Nan lide pou prezève enterè elèv yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) enfòme tout direktè lekòl, piblik tankou prive, yon lòt fwa ankò, li pwolonje jouk rive nan dat 2 jen 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen Leta 9èm ane fondamantal yo.
Ministè a konstate jiska prezan genyen anpil responsab lekòl ki pa fè okenn dilijans pou avanse avèk pwosesis enskripsyon an. Se poutèt sa, li mande paran yo ak elèv yo rete vijilan sou kesyon sa a pandan li kontinye ankouraje kategori direktè lekòl sa yo fè pi vit yon fason pou elèv ki ranpli tout bon vre kondisyon pedagojik pou patisipe nan egzamen an kapab jwenn posibilite pou fè sa.
MENFP raple, pou sa ki gen pou wè ak enskrispsyon sa yo, pwosesis la pa chanje. Konsa, tout direktè lekòl dwe pran dispozisyon sa yo:
1. Peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida;
2. Pote fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou l ka otorize lekòl la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a;
3. Valide, an liy, sou platfòm Ministè a, kandida li peye pou yo a, nan lis fòmasyon klas 9èm ane ki pral nan egzamen ofisyèl yo.
MENFP toujou mize sou sans responsabilite direktè lekòl yo ak sou vijilans paran yo ak elèv yo yon fason pou byen avanse ak pwosesis sa a ki gen yon lè pou li fèmen definitivman.
