Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) detaye nan yon kominike lajan chak kategori anseyan lekòl piblik yo touche ak avantaj sosyal li di yo benefisye. Nan sousi transparans, se pa ta yon pwoblèm, puiske se lajan taks popilasyon an ki peye anseyan yo, tankou tout fonksyonè Leta.
Men, an Ayiti, pa gen abitid devwale sou laplas piblik konsa kantite lajan yon moun rantre chak mwa, sof si se malere. Menm moun ki rich k ap konte milyon, kantite lajan yo genyen rete yon mistè pou popilasyon an. Gen anpil rezon ki kapab esplike sa, tanbou sitiyasyon povrete peyi a kote pi fò moun pa menm gen dekwa pran swen fanmi yo.
Nan yon kontèks kote anseyan lekòl piblik yo ap revandike pou yo jwenn amelyorasyon kondisyon travay yo ak mouvman grèv jeneral ki paralize sektè edikasyon an nan anpil kote nan peyi a depi kòmansman ane 2025 la, kominike Ministè a ta kapab parèt kòm yon tantativ pou mete anseyan yo anfas popilasyon an, kòmkwa yo ta touche ase lajan epi benefisye ase avantaj sosyal, sa ki ta fè si yo pa ta al travay, yo ta malonnèt.
Ministè a presize yon anseyan ki gen yon chè senp nan 3èm sik fondamental ak nan lise touche 23 100 goud chak mwa, li dwe travay 6 ou 8 èdtan pa semèn selon matyè li anseye a. An reyalite 23 100 goud chak mwa a se salè brit, apre prelèvman, se 18 594 goud anseyan sa a touche.
Pou anseyan tan plen Ministè a di ki touche 53 000 goud chak mwa, se menm bagay, apre prelèvman li kapab touche anviwon 42 000 goud.
Pou anseyan 1e ak 2èm sik fondamantal Ministè a di tou ki touche 34 300 goud, apre prelèvman, se anviwon 27 000 goud l ap touche.
Men, kanmenm, Konstitisyon 1987 Repiblik d Ayiti a di nan atik 32-10 : «Anseyan dwe touche yon salè minimòm valab.» Sa vle di yon salè ki pou pèmèt li viv ak fanmi li nan diyite. Konsidere ka anseyan 1e ak 2èm sik fondamental la ki resevwa yon salè anviwon 27 000 goud chak mwa (anviwon 200 dola ameriken pa pwa pou yon travay tan plen). Si pou li manje, pou li pran swen fanmi li, pou li peye kay, peye lekòl pou pitit li… Kijan l ap fè ?
Men tou, travay anseyan an pa rezime ak lè li fè nan klas la ase. Anseyan an se yon pwofesyonèl ki toujou ap travay, swa nan fè rechèch pou li resikle tèt li, prepare kou, korije devwa, prepare egzamen, korije egzamen, eks.
Kanta avantaj sosyal Ministè a mansyone yo, boni se pa yon avantaj pou anseyan, se pou tout moun k ap travay, kit nan piblik, kit nan prive. Pou 14èm mwa salè, se yon sibvansyon Leta bay chak anplwaye Leta raman, lè konsa anseyan lekòl piblik yo tou benefisye li kòm anplwaye Leta. Pou sa ki konsène kouvèti asirans, se youn nan revandikasyon anseyan yo jisteman, paske yo pran kòb la sou chèk yo chak mwa men lè yo malad, yo pa ka jwenn swen sou asirans la. Kanta Kredi Pa m, se yon ponya tout anplwaye Leta kapab pran nan Bank Nasyonal Kredi pou yo peye sou 18 mwa. Lè yon anseyan k ap resevwa anviwon 27 000 goud pa mwa rantre ladan li, ti sa li t ap touche a ki te deja pa anyen an pral separe an de pou l peye bank la pandan 18 mwa.
Traka anseyan pa piti pou li rive demele li anba lavi chè ki monte disèt wotè, ensekirite kote tout lajounen li nan kouri. Genyen ki pèdi kay yo bandi boule ak tout bibliyotèk ki se sèl vrè richès anseyan an.
Men, si se transparans pou detaye sou laplas piblik lajan yon anseyan touche ak swadizan avantaj sosyal li genyen, li ta ka bon pou ta gen transparans nètale, pou popilasyon an ta kapab konnen konbyen lajan yon Direktè Jeneral, yon Minis touche, ki avantaj sosyal, onorifik, ofisyèl, eks, li genyen tou.
