Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl gen avantaj pou li enfòme piblik la an jeneral, ak kominote edikatif la an patikilye, rezilta egzamen premye sesyon rekale yo rele bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2024 – 2025 yo disponib nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdès, Sidès, Nò, Nip, Nodwès, Sid ak Latibonit.
Daprè done ki soti nan Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE), pou depatman Nòdès, sou yon total 5 621 kandida ki te patisipe nan egzamen sa yo, genyen 1 394 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 24,8%.
Pou depatman Sidès, sou yon total 1 416 kandida ki te patisipe, genyen 388 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 27,4%.
Pou depatman Nò, sou yon total 1 578 kandida ki te patisipe, genyen 967 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 61,28%.
Pou depatman Nip, sou yon total 2 203 kandida ki te patisipe, genyen 1 523 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 69,13%.
Pou depatman Nodwès, sou yon total 3 135 kandida ki te patisipe, genyen 404 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 12,89%.
Pou depatman Sid, sou yon total 1 744 kandida ki te patisipe, genyen 749 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 42,95%.
Pou depatman Latibonit, sou yon total 5 286 kandida ki te patisipe, genyen 1 658 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 31,37%.
MENFP envite kandida yo pase verifye rezilta yo k ap afiche nan Direksyon Depatmantal Edikasyon pa yo.
Pou kounye a, rezilta egzamen premye sesyon rekale bakaloreya pèmanan yo pou ane akademik 2024 – 2025 la deja disponib pou tout 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
