Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl gen avantaj pou li enfòme piblik la an jeneral, ak kominote edikatif la an patikilye, rezilta egzamen premye sesyon rekale yo rele bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2024 – 2025 yo disponib nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Lwès, Sant an Grandans.
Daprè done ki soti nan Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE), pou depatman Lwès, sou yon total 14 623 kandida ki te patisipe nan egzamen sa yo, genyen 8 072 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 55,2%.
Pou depatman Sant, sou yon total 1992 kandida ki te patisipe, genyen 1090 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 54,72%.
Pou depatman Grandans, sou yon total 1888 kandida ki te patisipe, genyen 1016 ki admi, sa ki bay yon pousantaj 53,81%.
Responsab lekòl yo kapab pase retire palmarès lekòl pa yo nan Direksyon Depatmantal Edikasyon pa yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen rezilta pou lòt Direksyon Depatmantal Edikasyon yo ap pibliye nan yon ti kras tan.
