MENFP òdone Direksyon Depatmantal Edikasyon yo pou yo fete 18 me nan lekòl yo

Nan yon nòt sikilè nan dat 12 me 2025 epi ki pote siyati Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP), Mesye Augustin Antoine, yo pase Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE) lòd pou yo òganize diferan aktivite pou fèt drapo a, 18 me, nan lekòl yo nan tout peyi a.

Ministè a fè konnen lekòl gen misyon pou li reveye konfyans sitwayen yo, nan sans sa a li dwe pran tèt tout aktivite pou selebre 222èm anivèsè bikolò ayisyen an ki se yon gwo senbòl pou solidarite nou, pou jan istwa nou montre nou se yon pèp ki fè yon sèl, ak pou kilti nou.

Se poutèt sa, MENFP pase Direksyon Depatmantal Edikasyon yo lòd pou yo òganize diferan aktivite nan lekòl yo nan tout peyi a nan okazyon sa a. Aktivite sa yo kapab se manifestasyom sosyo-edikatif, pedagojik ak kiltirèl pou mete aksan sou wòl drapo a nan konstwi lavi nou kòm pèp.

Ministè a konseye pou yo ta òganize deba, kozri, pyès teyat, konferans, jwèt edikatif, chan, dans, mizik patriyotik, parad, pou timoun yo ak jèn yo kapab byen konprann sans drapo a ki te kreye nan vil Akayè 18 me 1803.

Nan sans sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mande Direksyon Depatmantal Edikasyon yo pou yo travay ak lekòl fondamental ak lekòl segondè yo pou fèt drapo a kapab byen selebre.

Description de l'image