Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye yon kominiken pou laprès nan dat 1e avril 2025 kote li mete anseyan sektè piblik yo devan responsabilite yo.
Toudabò, MENFP deklare li renouvele angajman li pou li satisfè revandikasyon anseyan yo, pandan li ankouraje kominote edikatif la pou Ii kontinye defann dwa timoun yo ak jèn yo genyen pou yo ale lekòl.
MENFP fè konnen l ap kontinye fè jefò pou satisfè revandikasyon anseyan yo, men jefò sa yo mobilize lòt enstans ki nan Leta a tou ki rekonèt gen nesesite pou amelyore kondisyon travay anseyan yo, youn nan gwo pilye sistèm edikatif la.
Pandan Ministè a raple angajman Leta te pran nan Akò li te siyen ak Platfòm sendika yo nan mwa janvye pase a, epi li souliye pwosedi yo parèt yon ti kras pi long pase sa ki te prevwa, li fè konnen tout angajman yo toujou kenbe epi Leta ap onore yo suivan sa ki ekri nan Akò sa a.
Annatandan pwosedi yo abouti, MENFP jije li nesesè pou li rafrechi memwa tout moun sou kalite konsiderasyon li deja bay anseyan k ap travay nan lekòl piblik yo. Pou anseyan k ap travay nan 3èm sik fondamantal ak nan lise, men kòman sa ye, daprè presizyon MENFP :
1. Yon anseyan ki gen yon chè vakatè touche chak mwa 23 100 goud. Selon matyè l ap anseye a, li dwe bay 6 pou rive 8 èdtan chak semenn.
2. Yon anseyan Tan plen touche chak mwa 53 000 goud.
3. Pou anseyan k ap travay nan 1e ak 2èm sik fondamantal yo, yo resevwa 34 300 goud chak mwa.
Anplis, anseyan yo benefisye lòt dwa ak avantaj tankou : Boni (13èm mwa), yon 14èm mwa salè, kouvèti asirans, Kredi Pa m. Nan menm sans sa a, Leta peye pou yo 8% nan pansyon yo; yo gen dwa ak tout kalite sibvansyon piblik san bliye mache prese k ap fèt pou yo benefisye avan lontan yon «Kat debi» k ap gen 15 000 goud sou li chak mwa.

Malgre tout presizyon sa yo sou lajan anseyan yo ap touche ak avantaj tout kalte yo benefisye, Ministè a deklare li admèt kalite travay anseyan yo ap fè a oblije Leta amelyore kondisyon travay yo. An menm tan, li fè konnen li enpòtan pou raple sektè piblik la rete pi konpetitif nan salè ak avantaj sosyal li bay anseyan yo.
Pandan li di l ap redouble jefò pou onore angajman li te pran nan Akò mwa janvye 2025 la, MENFP ankouraje anseyan yo kontinye ankadre elèv yo. Se sèl fason pou yo respekte dwa timoun yo ak jèn yo genyen pou yo ale lekòl nan kèlkeswa sikonstans la.
N ap souliye anseyan nan lekòl piblik yo te deklannche yon mouvman grèv jeneral nan tout peyi a nan kòmansman ane 2025 la pou egzije pi bon kondisyon travay bò kote otorite Leta yo. Malgre akò MENFP pale a, jis kounye, anseyan yo rete mobilize nan anpil kote nan peyi a pou revandikasyon yo kapab jwenn satisfaksyon. Malgre pwomès pi gwo otorite Leta yo, satisfaksyon revandikasyon anseyan yo toujou rete nan nivo renouvèlman angajman.
Men tou, anpil kote nan peyi a, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, pi fò lekòl yo fèmen akoz vyolans gang ame yo k ap fè lapli e lebotan. Leta li menm pa janm rive pote bon jan repons pou sitiyasyon ensekirite a pou lekòl yo kapab reprann fonksyònman nòmal yo, an rapò ak satisfaksyon revandikasyon anseyan sektè piblik yo.
