Nan yon konferans pou laprès li bay nan Enspeksyon Jeneral Edikasyon Nasyonal la nan dat 6 novanm 2024, Minis Augustin ANTOINE drese bilan 30 premye jou lekòl ane 2024 – 2025 la kote li abòde plizyè pwen tankou distribisyon kit lekòl, sibvansyon pou paran yo, fonksyònman lekòl yo nan tout peyi a, eks.
Nan okazyon sa a Minis Augustin Antoine te genyen avèk li plizyè gwo potanta nan Ministè a, tankou Kòdonatè Jeneral dis depatman edikasyon yo, Mesye Jean Wilnor Pierre, Direktè depatmantal edikasyon Lwès la, Mesye Louisseul Étienne France, Konseye teknik Direksyon Jeneral Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal la (FAES), Mesye Serge Collin.
Pou sa ki konsène kit lekòl yo, Minis Augustin Antoine fè konnen administrasyon li a pa te pase okenn kòmann pou nouvo kit lekòl ane sa a, ni pou inifòm, ni pou ban. Men li fè konnen te genyen 127 000 kit ki te disponib nan depo Ministè a. Nan 127 000 kit sa yo, Minis la fè konnen genyen 61 000 ki distribye nan 152 lekòl piblik ak prive nan depatman Lwès la, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Rès la pral distribye nan lòt 9 depatman yo daprè yon repatisyon Minis Augustin Antoine endike.
Pou sa ki konsène ti grapday gouvènman an t ap bay 261 000 paran, Mesye Serge Collin fè konnen 185 219 paran deja resevwa 20 000 goud atravè Moncash ou Natcash. Li fè konnen operasyon an ap kontinye jiskaske yo rive touche 261 000 paran osinon responsab elèv lekòl nasyonal, kominal oswa presbiteral yo vize yo.
Konsènan fonksyònman lekòl yo nan tout peyi a, MENFP fè konnen lekòl yo ap travay nòmalman nan 8 sou 10 depatman depi 1e oktòb. Nan depatman Lwès la, espesyalman nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, li pa te fasil pou mete kèk lekòl nan lòt lokal. Pou kounye a, gen 48 sou 49 lekòl nasyonal k ap travay nòmalman, men gen yon lekòl ki nan zòn Lopital Jeneral ki pa jwenn elèv pou li travay. Pou lise yo, gen 8 sou 9 k ap travay nòmalman, men Lise Toussaint Louverture ap rekòmanse travay lòt semèn nan yon lòt lokal, daprè sa Mesye Louisseul Etienne France presize. Genyen tou malerezman sitiyasyon 138 lekòl prive ak piblik nan distri Kabarè plis 220 lekòl prive ak piblik nan distri Akayè ki oblije fèmen akoz vyolans. Nan depatman Latibonit tou, sitiyasyon an toujou konplike nan Lyankou, Ponsonde, Ti Rivyè Latibonit ak nan vil Lestè
Anfen, pou sa ki konsène selebrasyon 221èm batay Vètyè, Minis Augustin Antoine pran angajman pou dat istorik nasyonal yo kapab sèvi pretèks pou gen chita pale nan tout lekòl yo sou pase, prezan ak lavni peyi a. Nan sans sa a, li fè konnen tout lekòl yo nan tout depatman yo pral mobilize pou selebre batay Vètyè a ane sa a anba tèm : « Ak lespri ewo Vètyè yo Ayiti p ap peri ».

