Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP), Mesye Augustin Antoine, ki te genyen avèk li Direktè Jeneral Ministè a, Mesye Yves Roblin, enstale twa Enspektè Jeneral Edikasyon Nasyonal vandredi 9 me 2025 la, nan lokal Enspeksyon Jeneral Administrasyon Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (IGAENF) ki chita nan Miso, Petyonvil.
Renan Michel, Lazare Joseph Accou ak André Louis Samuel Estriplet se non twa Enspektè Jeneral Edikasyon sa yo ki vin konble pòs ki te vid depi kèk tan nan enstans edikasyon sa a ki la pou evalye, kontwole epi fè suivi politik piblik edikasyon.
Minis Antoine ki deklare li gen konfyans nan nouvo Enspektè Jeneral Edikasyon yo fè konnen Enspeksyon Jeneral la se yon enstans ki la pou li fè kontwòl, men kòm enspeksyon nan lekòl yo ki ta dwe kontwole kalite aprantisaj la, pèfòmans lekòl yo, sipèvizyon ak kont-sipèvizyon pedagojik, administrasyon lekòl yo, gen anpil feblès, li panse yo ta dwe gade pou wè si yo ta dwe refòme enspeksyon nan lekòl yo osinon laji misyon Enspeksyon Jeneral la pou li ta kapab fè plis travay toujou pase sa yo te kreye li pou fè a.
Pou kounye a, travay Enspeksyon Jeneral la chita sou senk pwen sa yo ki se :
1. Ansèyman ak evalyasyon
2. Apui pou lekòl yo
3. Administrasyon sistèm edikatif la nan jan li òganize epi jere
4. Administrasyon ak jesyon finansye
5. Jesyon resous moun ak materyèl.
Enspektris Jeneral Nadine Henry ki t ap pran lapawòl nan okazyon an te deklare se yon onè pou li akeyi nouvo Enspektè Jeneral sa yo, pandan li te esplike yo ki travay y ap gen pou yo fè. Li te mande yo pran kouraj yo ak de bra pou yo kapab reflechi ak tout lòt Enspektè Jeneral yo sou bon jan estrateji ki pou pèmèt amelyore sistèm edikatif la.
Bò kote pa li, Mesye André Louis Samuel Estriplet, youn nan nouvo Enspektè Jeneral Edikasyon Nasyonal yo, ki t ap pran lapawòl, li te remèsye Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki te dakò chwa Minis Antoine yo pou nome yo nan pòs sa a. Li bay garanti yo pral travay nan tèt kole ak Enspektè Jeneral ki deja pouse bab nan fonksyon an, sou lòd Minis Edikasyon Nasyonal la.
Kounye a, pa gen okenn pòs ki vid nan Enspeksyon Jeneral Edikasyon Nasyonal la. Men kijan Enspektè Jeneral yo ap travay nan gwoup pèmanan epi espesyalize :
1. Renan Michel se responsab gwoup Ansèyman ak Evalyasyon
2. Lazare Joseph Accou se responsab gwoup apui pou lekòl yo
3. Marie Claire Nadine Henry se responsab gwoup Administrasyon ak jesyon finansye
4. André Louis Samuel Estriplet se responsab gwoup Jesyon resous moun ak materyèl
5. Louis Fritz Dorminvil se responsab gwoup Administrasyon sistèm edikatif la nan jan li òganize epi jere.
